Nòt RASIRE AYITI sou konjonkti a
Peyi nou an ap viv yon moman fènwa ki mete avni nasyon an an danje. Devlopman sitiyasyon sa a bay RASIRE AYITI anpil tèt fè mal. Li vini ak kantite kadav, pwopriyete piblik ak prive yo boule oswa piye, domaj enpòtan nan tout peyi a ak yon blokaj nan aktivite ekonomik ki pral lakòz plis pwoblèm toujou ak yon agravasyon inevitab nan gwo mizè popilasyon an.

Depi evènman 6 Jiye 2018 yo, siyal yo klè, sistèm sosyal ak politik ayisyen an bout. Ansyen sistèm sa a pa gen okenn repons ankò li ka pote nan pwoblèm peyi a ak moun k ap viv ladan l yo. Enkapasite nou pou nou bay pifò popilasyon an enpòtans li nan nasyon an akouche yon seri reyalite ensipòtab ki pa ka rekonsilye. Ekspresyon vyolan ki make 6 jiyè 2018 la ak jou ki vin apre yo, manman manifestasyon 17 oktòb 2018, 18 novanm 2018 ak 7 fevriye 2019 yo, aparisyon nan espas sosyal ak politik la gwoup òganize jenn moun byen fòme epi konsyan ap dirije, k ap egzije fen sistèm enpinite an epi obligasyon pou rann kont, tout sa pa sanble souke dirijan nou yo jan sa ta dwe ye, pou yo bay bon jan repons pou enspire konfyans nan sa ki gen pou wè ak revandikasyon sa yo popilasyon an eksprime ak gwosè fòs sa a.

OPÒTINITE RATE POU OUVÈTI

Pouvwa a pa reyisi, nan okazyon fòmasyon nouvo gouvènman an nan mwa sektanm pase a, pou l voye siyal klè pou kondi peyi a sou nouvo chimen. Apre sezisman jou ajitasyon 6 rive 8 jiyè 2018, nou tounen nan politik kòm dabitid, yon ti gwoup mete men sou tout espas pouvwa yo nan kontinye bay menm privilèj yo bay menm gwoup yo, ak menm enstitisyon pèp la ap rele chalbari dèyè yo, an patikilye bay ofisyèl ak gwo otorite Leta yo, pandan pi fò moun nan peyi a ap tire djab pa la ke pou yo siviv chak jou ki pase, ak mwens mwayen .

Move konpreyansyon ki fè konprann mouvman an te kanpe ankouraje administrasyon Moïse / Céan an kontinye ak vye woutinn nan pandan peyi a ap kontinye ak pakèt pwoblèm ki pa trete sou tan long epi ki vin tounen defi lidè nou yo pa gen okenn repons pou yo. Pandan tan sa a, bandi tout plim tout plimay ap simen lanmò ak laterè nan tout peyi a, salte ak fatra ap taye banda, ekonomi an ap depafini, sa ki fè lavi a vin pi difisil chak jou ak yon enflasyon k ap galope tout boulinn, yon lajan se pèdi l ap pèdi valè l, sa ki fè moun ki gen ti revni toujou nan gwo tèt chaje. Ak men ti lajan an, sa yo ka achte jodia vinn pi piti jou apre jou, epi sa vin pi difisil pou pifò popilasyon an ki pa p leve ni lou ni leje reyisi viv, paske yo depann de divès solidarite ak divès transfè pwòch yo ki nan peyi etranje. Peyi a rive ap trangle nan yon nivo menm sila yo ki gen piplis mwayen, vin gen gwo difikilte pou satisfè obligasyon yo, depans toulèjou yo, dèt yo dwe onore, elatriye.

 

DEZESPWA EPI KOURI KITE PEYI A

Dènye mwa sa yo, dènye lane sa yo, peyi nou an vin tounen yon lanfè kote yon larivyè moun ap eseye pati kite l, nenpòt mwayen yo jwenn, sou fwontyè a kote chak jou, se anmas vwazen dominiken nou yo ap rapatriye yo; sou lanmè kote yo ekspoze tèt yo sou kannòt, kote yo menm tou, rapidman lamarin peyi vwazen yo bare. Dènye nofraj 28 nan konpatriyot nou yo tou pre Bahamas, sa fè 2 semèn sèlman, epi endiferans Leta a nan ka sa a pandan mesaj kondoleyans t ap soti toupatou nan lemond; masak plizyè dizèn sitwayen dènye mwa novanm nan Lasalin san pouvwa a pa manifeste okenn jès senpati, jouk kounye a, san yo pa anonse yon ankèt pou konnen verite sou sa ki fèt la epi pouswiv koupab yo, malgre rapò denonsyasyon òganizasyon dwa moun yo; dappiyan sou plizyè katye nan zòn metwopoliten an ki vin zòn ekspresyon gang rival yo tanzantan, wout nasyonal nou yo bloke tout tan sa ki vin fòse evakyasyon nan elikoptè touris  ki te nan otèl nan Kot Akaden epi kraze ti aktivite touris nan peyi a; difikilte lapolis nou an konfwonte pandan evènman sa yo, ki reflete yon malèz relasyon ant otorite piblik yo, tout sa se siyal klè enkapasite lidè aktyèl yo pou yo dirije nou byen

Tout bagay sa yo ap alimante bann manifestasyon k ap reklame ak gwo fòs depa Chèf Leta a, Jovenel Moise sou pouvwa a. Blokaj aktivite yo apre manifestasyon 18 novanm 2018 ak fèmti peyi a, kounye a pou 11 jou youn dèyè lòt, atak repete gwoup kraze brize kont objektif ekonomik yo, san pwopriyetè yo pa gen okenn rekou; machin leta, tankou machin prive ki boule oswa ki gen vit yo krase, anachi a ki nan lari yo ki pèmèt yon seri moun fòse otomobilis yo peye si yo vle travèse lavil la, tout sa se deskripsyon yon Leta san direksyon epi ki pap mache kòrèk. Sitiyasyon sa a yon lòt fwa ankò ekspoze peyi nou an sibi yon abitraj kominote entènasyonal la epi yon nouvo pèspektiv entèvansyon etranje pou mete lòd nan yon peyi kote, yon lòt fwa ankò, Leta a faya.

 

PÈT KONTWÒL

Si li klè, administrasyon Moïse/ Céant an pèdi tout kontwòl jesyon peyi a epi rete li nan tèt Leta a ka mennen nan yon kriz pi grav, sa ki pral lakòz piplis lanmò ak lòt moun ki viktim nan divès aspè; si li klè, pratik pouvwa ak relasyon ant 3 pouvwa Leta a, jan yo mache pa pwodiktif epi esteril nan sa ki gen pou wè ak pwogrè sosyal ak ekonomik; si li klè, tradisyon koripsyon nan Leta a se yon faktè soudevlopman ak mizè, jan sa parèt nan detounman fon an ak gaspiyaj plizyè milya dola nan Pwogram Petrocaribe a epi nan lajan Trezò Piblik; si se vre, akseptasyon koripsyon kòm yon reyalite nòmal nan pwen kote moun ki jwenn akizasyon koripsyon, olye pou yo te pouswiv yo epi y al prije pèn yo nan prizon, y ap fikse nou san yo pa bat je yo, kòmsi vòlè ak detounman fon nan lajan piblik yo akize yo, sete reyalite natirèl epi admisib; nou dwe mete yon fen nan tradisyon sa a kote pouvwa se yon espas opòtinite pwofitab pou anrichisman sèvitè Leta yo sèlman nan detriman tout rès sosyete a.

 

OPOZISYON

Anfas, opozisyon an ki fèb nan òganizasyon l pa enspire konfyans nan kapasite li ka pran chaj peyi a avèk ladrès ak kontwòl epi kondi l nan direksyon ki pi asire, nan antant jan popilasyon an mande sa. Se konsa, ant demann pou prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a ak kreyasyon yon sitiyasyon vid tankou se plonje nan enkoni, gwoup òganize nan sosyete nou an dwe travay ansanm, analize done kriz sa a fè sòti, pou pwopoze apwòch ki pi bon nan sans pwoteje enterè yo ki pi wo pou Nasyon an.

  • Èske pouvwa a jan l ye la a gen solisyon pou peyi nou an kontinye fè l konfyans nan kapasite li ka repran bagay sa yo nan men, pou li fè koreksyon ak yon chanjman nan direksyon ki pou satisfè atant tout moun ?
  • Nan sitiyasyon aktyèl la kote revandikasyon pou chanjman yo presi, fèm, èske ti mezi yo anonse nan entèvansyon Prezidan an ak Premye Minis la ap ase pou yo kalme lespri yo epi ankouraje yon retounen nan trankilite ?
  • Opòtinite kriz la ofri nou an, èske nou pa ta dwe sezi li pou poze yon fwa fini ak sa, tout baz yon nouvo kòmansman, volonte, depi lontan, aktè politik ak òganizasyon nan sosyete sivil la epi popilasyon an repete nan anpil kongrè, senpozyòm ak manifestasyon sou beton an ak divès etikèt nou ka tradui nan yon sèl mo : CHANJMAN ?

RASIRE AYITI PROPOZE

Devan konsta fayit ansyen sistèm politik ki la depi yo touye Dessalines nan lane 1806 la, devan demand repete pou enklizyon mas yo ak gwoup ki se majorite yo nan yon nouvo sistèm ki pi jis, pi ekitab kote kounye a se bon kalite lavi pèp ayisyen an ki se prensipal finalite a, li nesesè pou nou fonse nan aksyon temerè ak anpil volonte pou n ale pi lwen posib.

 

1)   Reformate Leta a epi ofri chans pou yon RENESANS Ayiti sou baz nouvo chwa, nouvo règ nan jwèt la, kote preyokipasyon enklizyon ak inite nasyonal nan desantralizasyon ak amenajman teritwa nan yon vizyon modènite, jistis sosyal, yon sosyete respè lalwa, yon nasyon travayè nan yon sitiyasyon pwodiksyon san rete k ap donnen pwogrè sosyal, kwasans ak devlopman ekonomik.

2)  Sezi opòtinite sa a pou pran desizyon revolisyonè nan re-defini lòd bagay yo nan peyi nou an, pou monte li nan dimansyon nasyon travayè, efikas epi konpetitif.

3)  Redefini baz sekirite nasyonal yo nan tout aspè yo (sekirite manje, sante, fizik, ekonomik ak finansye).

Nan enterè jeneral la, RASIRE AYITE lanse yon apèl pou tout moun sa yo, espesyalman jèn moun, ki vle kontribye nan refoundation Leta a nan konsepsyon li, nan òganizasyon li ak aksyon li, pou yo vin potekole avèk li.

 

Email: Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

WhatsApp : +509 36703228 ; +509 37275570

Pòtoprens, 17 fevriye 2019

PARAF :

Pou RASIRE AYITI, paraf kòòdonaté provizwa a


Hérold JEAN-FRANÇOIS

Infohaiti.net Tous Droits Reservés | cmosaique@aol.com (508) 498-0200 | midy2midy@aol.com (617) 470-1912 | Login

Site conçu et dessiné par : Yves Cajuste (Haitian Media Network)