Nan  relasyon santimantal, nou tande souvan fanm oswa gason k’ap mande yon dezyem chans. Anpil chante nan tout lang pale de dezyem chans apre yon erè oswa yon betiz. Nan relasyon zafè kè, nou konn soti nan cheri doudou, mon amour, mon coeur, honey, baby, manmi, papi pou nou tonbe nan manman vèmin, manman bouzen, papa kaka. Lè relasyon yo gate nan nivo sa pou de moun yo pa ka menm pale oswa nan peyi sivilize yo konn bay mari a oswa madanm lan entèdiksyon pou li pa rive a yon kilomèt de kay fanmi an.

 

Nan  relasyon santimantal, nou tande souvan fanm oswa gason k’ap mande yon dezyem chans. Anpil chante nan tout lang pale de dezyem chans apre yon erè oswa yon betiz. Nan relasyon zafè kè, nou konn soti nan cheri doudou, mon amour, mon coeur, honey, baby, manmi, papi pou nou tonbe nan manman vèmin, manman bouzen, papa kaka. Lè relasyon yo gate nan nivo sa pou de moun yo pa ka menm pale oswa nan peyi sivilize yo konn bay mari a oswa madanm lan entèdiksyon pou li pa rive a yon kilomèt de kay fanmi an.

Malgre sitiyasyon tansyon sa yo, konn gen de fwa yonn nan de moun yo deside fè yon pa pou li wè si la va sove relasyon an epi li deside bay yon dezyèm chans. Si bagay yopa ka mache apre yon dezyèm esè goumen joure mete pye ankò eh ben lè sa, tout bagay fini nèt, chak moun yo fè wout yo bò kote yo epi fanmi an divize, chak patnè yo gen tan pou yo pase ak timoun yo, gendefwa ansyen mari ak madanm yo, menm pale y opa ka pale.

Yon twazyem chans se bagay ki ra anpil pou nou wè lè de eksperyans ki fini mal pa te mache. Nan lavi a, se pa yon sel fanm ni yon sel gason ki genyen, si pandan de fwa nou eseye sa pa ka mache eh byen nou sipoze reyalis epitou chache rankontre lòt moun pou refè vinn, paske sa pa gen okenn sans pou ni yonn ni lòt dakò pou yo pase egzistans yo kote yo kite yon bagay ki pa ka fonksyone pwazonnen vi yo jouk yo mouri.

Nou pati de egzanp eksperyans lavi sa pou nou rive pale de posiblite pou Ayiti t’a retounen nan kesyon Jean-Bertrand Aristide ak Fanmi Lavalas ki te gen de chans pouvwa ki mal pase. Mwen t’a renmen nou di’m yon sel rezon moun tèt drèt ki te ka pote Ayiti deside retounen nan tèt chaje eksperyans politik ak Lavalas ak Aristide ?

Soti 7 fevriye 91 pou rive jodia, chak fwa sektè politik sa te gen pouvwa nan men’l, peyi a transfòme nan yon chan batay, yon bò Aristide ak patizan li yo k’ap kouri dèyè tout moun ki pa dakò ak yo, yon lòt bò moun ki pa renmen Aristide yo ki di yo p’ap kite ansyen prezidan an ak patizan li yo fè yon fen ak yo. Sa’w tande a, koudeta kote anpil moun pèdi lavi yo pou granmesi, barikad lapè, viyolans tribò babò, anba pa monte anwo pa desann, bare anwo, bare anba nan mitan rete rèd ! Se nan sa nou vle tounen ?

Si gen yon moun ki gen reskonsablite nan echek tranzisyon an, li rele Jean-Bertrand Aristide. Jodia li fasil pou ansyen prezidan an tounen li mobilize patizan’l pou jistis pa rive fèt sou kèk dosye epitou pou li panse li ta ka gen leson pou’l bay nan zafè grangou, nan zafè inite nanshon an. Kom se ansyen prezidan an ki t’ap fè entèvyou ak Jean-Bertrand Aristide eke pèsonn pa te ka poze’l kesyon paske se konsa li te vle sa, san pa gen foto ni kamera, laprès pa te ka mande Prezidan Aristide ki dispozisyon li te pran pou latè peyi Dayiti te bay plis manje, ki bonjan desizyon ki te pran pou nou modènize agrikilti, itilize teknik modèn pou gen plis diri, plis mayi, plis pwa, plis yanm, plis patat ak plis manyok pou nou te rive nan objektif lapè nan vant lan ki te yon senp slogan pou manipile foul ki pa te kore pa okenn desizyon pou li te rive ateri.

Prezidan Aristide pale de nesesite pou gen inite tankou sa te rive fèt ant minorite blan an ak majorite nwa a nan peyi Afirk di Sid. Si gen divizyon klas politik la ak tout fanmiy peyi Dayiti, Jean-Bertrand Aristide se prinsipal jeneral divizyon l’ap pale a. Apre 16 desanm 90 e menm apre chire pit eleksyon 21 me 2000 ak 26 novann 2000 kote kòn te pouse nan tèt Aristide, opozisyon an te dakò chita pale avè’l, men li te prefere jwe kat divizyon a. Kijan pou prezidan Aristide kredib, kijan pou nou kwè nan senserite’l lè divizyon jounen jodia se li menm ki te simen grenn yo ?

Prezidan Aristide retounen pale de mariaj ankò, mariaj rezon tankou premye mariaj li te fè ak lame a ki fini nan koudeta 30 septanm 91 la. Mariaj fòse 26 novanm 2000 lan ki fini jan nou konnen an nan mobilizasyon GNB, chimè anraje kraze ak entèdi manifestasyon nan lari, boule magazen, detounen kontenè ak kamyon machandiz, terè nan yon seri katye ki tounen fièf bandi ki pote tout kalite non laterè, kouri elatriye ki gwòs peyi a pita ak akouche operasyon Bagdad, viyolans, kidnapping, egzekisyon moun ak lòt ankò…

Banmwen yon sel lòt rezon pou ta gen yon twazyèm mariaj ak Aristide ak Fanmi Lavalas ? Fè yon twazyèm mariaj ak Aristide ak Lavalas se kreye yon sitiyasyon, san nou pa bezwen al wè Antoine Nan Gonmier ak lòt moun ki li nan boul kristal, li ak konnen avni nou kòm peyi nan pla men nou. Nou pa kwè pèsonn an Ayiti k’ap mande chanjman Lavalas ak Prezidan Aristide pa te vle oswa pa te ka ban ou pandan de eksperyans t’a chwazi san yo pa fòse yo pou avni nou se repetisyon pase nou ak Aristide ak Lavalas sou pouvwa…

Peyi a gen lòt moun ladan’l ki ponkò jwenn chans rive nan tèt li pou yo dirije’l nan chache mwayen pou mete’l sou yon wout ki pa gen anyen pou wè ak move chwa chemen viyolans ak mobilizasyon tout tan Aristide ak Lavalas te mete’l yo. Si pi bon opsyon ak pèspektiv avni peyi Dayiti se ta va Aristide ak Lavalas ki diskalifye tèt yo chak fwa yo te sou pouvwa, Ayisyen fanm ak gason se ta va yon bann ak yon pakèt moun ki renmen soufrans, ki pa jennen wè peyi a santre vi li sou yon grenn lidè chèf lagè ak divizyon ki pa gen okenn vizyon pou li mete’l sou wout progrè pou tout kouch nan sosyete a.

Tout retou Lavalas ak Aristide nan espas politik la vle di pare’n yon lòt fwa ankò pou nou asiste goumen ant de kan, kouri, barikad, viyolans politik, politik kantamwa, frape lestomak, chèf tradisyonel ayisyen kip a wè pi lwen ke tèt yo. Se retounen nan posiblite pou menas sou laprès, fè jounalis kouri pati kite peyi a, touye jounalis, kraze antèn radio elatriye…Nou pa dwe kontinye fè move chwa. Aristide ak Lavalas reskonsab nou retounen nan Duvalier, tonbe nan Martelly, paske yo pa te fè anyen pou konstwi yon leta ki chita sou lalwa, kreye kondisyon pwogrè pou popilasyon an te santi chanjman soti nan diktati pou nou tonbe nan demokrasi, pou pèson pa rive doute ke viv nan demokrasi se te pi bon chwa a pou yo te sispann panse nou te viv pi byen anvan malgre klima laterè rejim Duvalier a te mete nan peyi a pandan preske trant lane.

Echek tranzisyon an se prensipalman echek Aristide ak Lavalas ki pase plis tan ap jere peyi a pandan tranzisyon an. Si Ayiti vle avanse sou wout konstriksyon, si li vle soti nan chema vole eleksyon pou pa genyen palman konteste, pou okenn fanatik pouvwa pa ka koupe rache menase devan dèyè, si nou vle antre nan yon reyalite reyini tout moun ansanm pou nou chache solisyon ak senserite kote yonn ka fè lòt konfyans, Aristide ak Lavalas se pa bon wout la.

Nou dòmi ak jan de fwa, nou abitye ak wonf jan, si nou vle kite yo lolo’n pou yo lola’n, se pa paske pèsonn pa te raple nou kijan sa te ye lè moun nou te fè konfyans, moun nou te wè tankou pwofèt pa te gen dimansyon peyi a t’ap tann, tankou Nelson Mandela te monte nan otè syel la, depase rankinn 27 lane prizon pou li soti nan yon kacho, tonbe nan palè peyi Afrik di Sid pou li montre pèp li wout, kote jouk jounen jodi, latè beni koube byen ba devan’l pou ba li ochan, kote lè li pa ka respire, li malad, latè antye kenbe souf yo ap priye pou li, pou model li reprezante a dire lontan, pi lontan posib, pou li esnpire ti chèf lòt kote ki sel sa yo konn fè lè yo gen pouvwa, se grennen tenten…

Infohaiti.net Tous Droits Reservés | cmosaique@aol.com (508) 498-0200 | midy2midy@aol.com (617) 470-1912 | Login

Site conçu et dessiné par : Yves Cajuste (Haitian Media Network)