Imprimer
Affichages : 962

Se dimanch 28 janvye sa a, ti demwazèl pi-piti ke 20 tan yo, ki bat Kanada 1-0, e ki tou voye nou nan koupdimond an Frans pou mwa dout la, pote pou nou yon kè kontan san melanj. Sa montre vre bon jou ak move jou, se pye dwat ak pye goch: yon lè se dwat ki pran devan, yon lòt lè se goch la. Paske, tout kè kontan ak fyète ti demwazèl yo pote pou nou an pa efase tristès-fache-desepsyon jouman prezidan ameriken an, Donald Trump : « Salvadò, peyi afriken yo ak Ayiti se “peyi poupou”. Li ban nou kout pik sa a, lavèy 12 janvye.

Prezidan ameriken an di pawòl sa a pandan l te nan yon reyinyon avèk senatè ameriken sou zafè TPS ak DACA nou konnen ki konsène anpil Ayisyen k ap viv Ozetazini. Salvadò s on peyi zanmi, Afrik se frè-sè menm papa menm manman, kòk-poul zenga menm plimay, epi ou mèt tande ke-le-si ke-le-sa, Ayiti, Ayiti cheri nou an, se Ayiti ! Pou yon prezidan rete l di « Yon seri moun se twou dèyè » ! Non mezanmi, se pa lizay. Ayisyen kou etranje, fache anpil. Pèsonèlman, m fè efò pou m rete tèt frèt. Mwen poste yon reyaksyon tou kout an fransè ki te di : « Même en temps de guerre on n’insulte pas un peuple, c’est plus que du feu et de la furie à la Maison Blanche ». Natirèlman, dife ak raj nan palè Etazini an se referans liv jounalis ameriken Michael Wolff la ki pale de konpòtman tèt chaje Donald Trump nan White House la. Mwen te dakò, tankou tout lòt senatè, pou biwo Sena a fè nòt pwotestasyon nan laprès ak rezososyo yo. Men, se nòmal, nòt biwo sena a sentetik, deklarasyon pa m nan ap analitik.

Gen de lè, yon move pawòl, se yon mo  ki chape nan w bouch. Moun nan te gen sa nan tèt li, men se pa t volonte l pou l te fè mal. Konsènan Donald Trump, se yon jouman ki gen konviksyon dèyè l. Li te di deja Latino-ameriken yo se vòlè, kadejakè, dwògdilè. Li te di deja : tout Afriken yo, tout Ayisyen yo gen sida. Gen sida ! Se yon maladi pandemik : nenpòt moun, Ayisyen, Endyen, Ameriken, Syedwa soufri de li. Pa gen pwoblèm si etid serye montre sa, nan kad yon deba, ou nan laverite ak agiman, pou di X% popilasyon ayisyen an gen tèl maladi, Y% popilasyon ayisyen an pa konn li, elatriye… Men lè w di l jan w di l la : ou vle fè konnen maladi sa a g on mèt. Kòm maladi a atrapan, fòk tout moun kouri pou pèp sa a. « Ce qui est de l’ordre répétitif devient loi ». Sa g on non wi : STIGMATIZASYON.  Jouman an santi fò kou fèy ave. Se pa ti jouman piti. Yon jouman se yon pawòl, gwo-mo-betiz-piman-bouk moun di moun, lè yo nan gwo kont, pou manke moun dega. Se yon pawòl yon moun mete plis pase genyen sou yon lòt. Lè sa a moun kap joure a se dyab ki anvayi 5 mèt 50 li. Mo dyab la sòti nan yon mo grèk, « dyabolos » ki vle di ce qui divise, qui désunit, sa ki divize nou. Lè dyab antre nan tèt yon moun, moun sa a pa posede tèt li. Dyab la pwovoke 2 divizyon :

Premye divizyon an se nan moun k ap joure a menm li manifeste: moun n an gaye, li fè plizyè ti mòso – jan nou konn wè yon ansyen prezidan Dayiti toujou ye lè l ap joure yo.

Dezyèm divizyon an vin fèt nonsèlman ant moun k ap joure a ak moun l ap joure yo, men tou an dedan moun k ap tande l yo, ki vin pa ka okipe bagay serye ; anplis, ki pral fè kont antreyo.

Kidonk, kèlkeswa jouman noumenm pèp ayisyen yon moun voye sou nou, fòk nou ale pi lwen ke jouman an, fòk nou analize tèt frèt pou nou wè ki kòz jouman an ap sèvi ; epi bò kote pa nou, pou nou toujou chèche laviktwa pou sa ki bèl, sa ki la verite, sa ki bon pou limanite, jan Platon rekòmande sa.

Lè n chèche jwenn trip foumi, nou konprann Donald Trump ap defann ideyoloji rasis la. Yon moun ki rasis nan tèt li, se zafè pa l ak fanmi l, zanmi l. Mwen prèske ta di sa pa gade m kòm sitwayen ayisyen, menm kòm citoyen du monde. Li vin pwoblèm, se lè ou mete l piblik, ou mete l nan politik, nan politik vle di relasyon pouvwa ant moun ki rekonèt y ap viv ansanm. Si se pa rasis, pouki lè l fin salanbe Salvadoryen, Afriken ak noumenm Ayisen, li di : « se Nòvejyen pou Etazini akeyi kòm imigran » ? Tout lespri rasyonèl ap fè asosyasyon an : Salvadoryen se Latino, Amerendyen oubyen Metis, noumenm ak Afriken se Nwa, Nòvejyen se Blan, e se Blan afè bon, nan Nò Ewòp ki pa melanje tankou Blan ki rete Osid sou rivaj Mediterane a ? Nou pa kwè li nesesè pou nou raple genyen tout kalite moun ki migran, sòti nan pi gwo pwofesyonèl, moun ki fè doktora, moun ki milyonè, men tou moun ki gen nivo entelektyèl oubyen pwofesyonèl mwayen. Moun pòv yo, moun k ap soufri akoz lagè ki gen nan peyi yo, moun kap soufri pèsekisyon : yo pi plis. Se nòmal, se lavi y ap chèche. Lontan avan Jezikri, ansyen Women yo te di ubi bene, ubi patria, peyi yon moun se kote l jwenn lavi. Nou tou wè rasis Trump lan antre nan politik migratwa li, politik migratwa a antre nan rasis la. Pase pran m, ma pase chèche w.

Kisa rasis la ye ? Se yon ideyoloji, yon pakèt pawòl 2 grenn gòch ki vle fè moun kwè gen gwoup moun ki siperyè lòt depi nan nesans, moun tèl koulè kapab fè tèl bagay ; li pa ka fè tèl lòt bagay. Si w kwè nan sa, ou pral regrèt ou fèt jan w ye a, jis sou koulè po w, koulè cheve w, cheve pwav oubyen cheve siwo. Moun ki rasis la kwè, lè l gen gwo pouvwa politik, se pou l mete sou kote gwoup moun yo di ki gen defo nan san yo, gwoup moun yo di ki enferyè yo. Se konsa, depi 17e syèk la, nan ane 1650 yo, kolon olandè yo te enstale sistèm apated la ou te jwenn Ozetazini tou jis nan ane 1967. Anglè yo te fè pa yo nan Rhodésie ki retounen Zimbabwe an 1980 avèk Robert Mugabe. Se Mandela ak kamarad li yo ki fini ak sa an 1994. Pou tout kolon yo, rasis la se youn nan jistifikasyon abi y ap fè. Si gen anpil pwogrè syantifik ki fèt depi 500 zan nan sivilizasyon oksidantal la, pou pwogrè moral, se pa menm bagay. Menm lè gen ti avanse ki fèt, toujou gen bak k ap mete pou demen la grande fraternité humaine tankou jan Manuel fè nou konprann li nan Gouverneurs de la rosée, lontan avan rèv Martin Luther King lan.

Ki jan nou ka demonte kesyon rasis la ?

Premye fòs pou noumenm Ayisyen ak tout lòt moun ki ka soufri rasis, se diyite moun. Se moun ou ye, plas ou natirèl nan mitan moun ou leve, sa vle di fanmi w, zanmi lekòl, zanmi sou katye a, legliz, ekip spò, stad, kanaval, ti boutik, gwo makèt. Tèt anlè, avèk sèl kondisyon, ou mache pwòp, ou kiltive tèt ou. Aprè sa, grimo ou nwa, cheve grenn oubyen siwo, nen long, plat, won, bouch plat, bouch bonbe, bouch long, tout sa yo se penti pou kay la. Se sèvo w, se nanm ou ki kay la.

Dezyèm fòs nou, se byen konprann fondal-natal lavi a, kijan moun fè pran nesans, sa k fè moun je chire, sa k fè lòt koulè woz, mawon oubyen nwa ? Ann gade chwal ak bourik : yo sanble men yo pa menm. Se paske yo pa menm, mèmsi yo akouple, se milèt yo fè, milèt ki pa ka repwodui. Lasyans poko montre 2 moun ki pa menm koulè, ki pa menm etni pa ka fè pitit. Wi, nenpòt ki moun fè pitit avèk nenpòt ki moun. Papa Tiger Woods se yon Nwa ameriken, manman l se yon Tayilandèz; granpè l bò kot manman s on Chinwa. Yanick Noah se pitit yon blanch fransèz ak yon Kamewounè nwa. Yanick limenm marye avèk yon Syedwaz ki ba l pitit li a, jwè baskètbòl  ki rele Joakim Noah a; Joakim pou kont pa l fè pitit avèk yon Brezilyèn blanch, Isabelle Cutrim.

Tout moun pa gen menm fòm figi, men tout moun se moun

Nou ka al pi lwen. Èske Nwa gen gwoup sangen pa yo, Japonè pa yo, Vietnamyen pa yo, Blan alman pa yo, Mawoken pa yo, Nijeryan pa yo, Ayisyen nèg nwè ti zòrèy anraje pa yo? Mao Tse Dong B, Kennedy AB, De Gaulle O-, Hitler A. Tout Ayisyen ki A oubyen O- te ka bay Hitler san. Pi lwen toujou, lasyans pòkò jwenn moun ki pa gen jenòm imen an, sa vle di konbinezon 25000 jèn ak kromozòm yo: 23 pè kromozòm pou kèlkeswa moun nan.

Tout moun pa gen menm koulè po, men tout moun se moun.

Moun zansèt lontan-lontan yo te viv nan peyi kote solèy la cho anpil, kò yo pwodui melanin pou pwoteje po yo kont reyon ultra-violèt solèy la. Albinòs yo, se sa yo pa genyen ki fè po yo blan an, se poutèt sa yo pa ka ret kanpe anba solèy. Se menm pwoblèm nan blan cheve kannèl, cheve lò yo, genyen tou. Sa rive detanzantan yon blan ki vle bronze boule bon jan boule a, boule al lopital.

Twazyèm fòs pou nou genyen se pou nou konprann animalite pa menm ak mounite ni moun pa yon bagay tankou tab, mikwo, machin, kay, elatriye... Nan sans sa a, mezanmi, mwen pa dakò ditou-ditou avèk Leopold Sedar Senghor lè l te ekri an 1939 nan liv l’Homme de couleur, ekzakteman nan chapit Ce que l’homme noir apporte : L’émotion est nègre, comme la raison hellène, pèsonalite Nwa yo se emosyon ki aji, pèsonalite blan yo se larezon. E Japonè yo, Koreen yo, Pakistanè yo, Chinwa yo, yo pa gen ni emosyon ni rezon? Pi mal toujou : pawòl Senghor a vle di tou depi se nwa m ye, mwen sezi fasil, mwen kontan fasil, mwen fè kòlè fasil, mwen pè pou anyen. Blan yo, yomenm, yo kalm, yo analize, yo konseptyalize, yo modelize. Admirasyon, lanmou, rayisans, anvi, (désir en français) kontantman, tristès, daprè Descartes nan liv Les Passions de l’âme, se sis emosyon sa yo lòm genyen. Yo se manman emosyon, tout lòt yo sòti nan yo. Descartes se te yon blan. Li pa di nan liv la li pa janm gen emosyon, ni li pa di se de Nwa oubyen de Blan l ap pale.  

Pozisyon m kanpe dèyè l la, se pa ke m pou larezon, mwen kont emosyon non! Mwen vle di : emosyon avèk larezon se pa tankou cheve siwo Blan, zye vèt Blan, gwo zòrèy Blan, epi cheve pwav Nwa, zye nwa Nwa, ti zòrèy Nwa. Diferans sa yo jenetik, yo enskri nan kò nenpòt ki Blan, nenpòt ki Nwa, nenpòt ki Jòn. Yon blan ka bwonze pandan yon semèn paske li pase plizyè jou anba solèy ak luil spesyal sou kò l, yon nwa ka pase krèm bobystò sou po l ki vin klè, fè pèmanant chak jou ; aprè 2-3 jou, tout bagay ap retounen à la nòmal. Chassez le naturel, il revient au galop. Emosyon tou, tout moun gen sa. Men, menm jan moun fè spò pou ka kouri vit, pou gen gwo bibit ; moun al lekòl pou edikasyon, pou gen gwo lespri ; se konsa tou yo aprann moun kijan pou jere emosyon w, ki jan pou itilize rezon w. Laprèv, tout moun pa gen menm edikasyon, yo pa gen menm kilti. Yo ka toufe emosyon an, yo ka eksprime l tou piti, oubyen avèk anpil demonstrasyon. Piske tout moun fèt avèk fakilte rezon, kapasite pou aprann, pou reflechi, pou eksplike, pou analize, depann de koefisyan pèsonèl chak moun, ke l te blan, kel te jòn, ke l te nwa. Tout atou sa yo ka vin pi plis oubyen pi piti selon istwa ki dèyè moun sa a, nan kilti l ap benyen chak jou, edikasyon-enstriksyon l ap resevwa nan fanmi l tankou sou katye a, nan lekòl, nan laprès, nan legliz, nan asosyasyon jenès, nan klib spò, nan liv literati, filozofi, syantifik moun sa a li, nan jounal ak revi li li, nan konferans li patisipe, lang matènèl li, lòt lang li aprann, elatriye…

Gen savan, entèlektyèl, nan tout koulè moun, menm jan gen moun ki pa avanse nan zafè liv ak laboratwa nan tout koulè moun, men tout moun ka konprann, tout moun ka gen konesans, tout moun se moun.

Konsa, ideyoloji rasis la vle rive nan pwen pou l fè kwè gen gwoup moun, sa yo rele ras la, ki fèt pou travay fasil, gen lòt ki fèt pou travay difisil. Nan faz sa a, li bon pou nou pase wè filozofi ekzistansyalis la. Jean-Paul Sartre se youn nan filozòf ki ka ede nou konprann : se zannimo ki pa ka lòt jan ke sa l ye a. Bèf pa ka pale ni jape, se begle l ka begle. Pwason pa ka fè bri ak bouch li. Kòk ak poul se kòdase yo ka kòdase. Al fè yon poul ranni non, si w kapab ! Kite bèt yo an repo, li ankò pi klè pou mèb yo, byen materyèl yo. Enjenyè fè plan kay la. Lè yo fin bati k ay la, se kay l ap toujou ye, parèy pou yon machin, yon chèz, yon biwo, yon mikwo. Men moun pale lang kote l leve a, kèlkeswa koulè l; moun aprann pale plizyè lang ; moun te gen dwa fin aprann bòs mason, epi li vin mete kòl nan tayè, yon moun te ka enfimyè, aprè l al fè avoka. Se chak moun ki deside si l vle yon moun debyen oubyen yon vagabon. Chak moun gen desten yo nan men yo, men systèm sosyal ak systèm politik konn fasilite yon moun pandan l ap bloke yon lòt. Sa pou nou pa bliye, sèke avan kay la oubyen machin nan fèt, depi w te wè plan yo ou konnen kijan y ap ye, ti chen ap jape, ti chat ap mimyaw, men pou yon moun, se lè l fin byen rèk ou a konnen sa l ye. Alòs, ekzistansyalis la di: pou byen materyèl ak bèt, esans presede nesans, esans la se sa byen an oubyen bèt la reprezante, tandiske pou moun, nesans lan presede esans lan, sa moun nan reprezante a se pa paske se san entèl li genyen ki fè l ap yon savan oubyen yon egare. Ala yon bèl sijè refleksyon : nati, Istwa, kilti, desten !

Tout moun se moun. Sòf si yon moun gen maladi de nesans, li fèt ak kapasite pou l aprann, pou l konprann. Lè yon pouvwa politik deside yon gwoup moun, sou koulè yo, relijyon yo, rad yo mete, se yo ki bon, lòt yo pa bon, ou vle fè lagè san rete. Ou ap travay pou lanmò, ou meprize lavi.

Politik migratwa Donald Trump vle mennen nan tèt Etazini an se yon desizyon lojik moun k ap fè promosyon pou rasis kòm ideyoloji. Lè gwo peyi yo vle fèmen tout fwontyè yo, moun k ap obsève toujou poze kesyon sou sitiyasyon gwo peyi sa yo ak sitiyasyon moun ki vle al viv ladan yo. Peyi dakèy yo, se Ewòp la, Angletè, LaFrans, Almay, Itali, Espay, Kanada, Etazini, tandiske migran yo se noumenm Ayisyen, Afriken, moun Mwayennoryan, latinoameriken, ak pati peyi nan Azi afè pa bon yo. Gen yon mo, nan sivilizasyon n ap viv la a, okenn moun pa ka di je nan je li kont li : se lajistis. Mwenmenm, noumenm, wi kolèg yo, èske nou te konn laFrans, Etazini, Brezil, Chili ? Bizayèl nou se an n Afrik yo t ap viv, epi Olandè, Pòtigè, Espayòl, Fransè, Anglè, Alman yon tikal, Italyen yon tikal, al chase yo  tankou bèt sovaj, vin vann yo la a, sou tè sa a. Sòti 1625 rive 1804, prèske 200 zan ap fè bèf chawa, noumenm Ayisyen fini ak esklavaj la, nou fè yon Leta, epi lòt yo ki te nan menm sitiyasyon avèk nou, vin negosye fen esklavaj la ke Etazini adopte tou an 1865. Genyen yon gwo diferans ant jan Ayiti fini ak esklavaj epi bay tèt li endepandans e jan tout lòt peyi Amerik yo fè l la. Pou Ayiti, se lagè noumenm ansyen esklav fè kont kolon yo pou nou nonsèlman lib men tou se noumenm ansyen esklav yo ki mèt peyi a, ki dirije peyi a. Ozetazini, Meksik, Venezyela, se ansyen kolon yo ki fè endepandans lan. Men diferans sa a rete la. Nan tout Amerik santral la ak Amerik disid, ki moun k ap soufri ki bezwen al viv, al travay Ozetazini, Kanada ? Se pitit pitit Amerendyen, Taïnos, Guarani, Enka, Maya, Quechua, Aztèk, pitit-pitit endyen yo ki t ap soufri depi Kristòf Kolon jis kounya a. Kiyès an n Ayiti ki se Ayisyen eran yo nan tout Amerik Disid la, Ozetazini, Kanada, Meksik ? Se pitit-pitit nèg mawon yo, esklav ki pa t dakò mouri esklav men ki pa jwenn plas yo nonplis nan pwojè nasyonal Ayiti a. Echèk sosyal peyi sa yo se dirijan Ayisyen yo pou migran Ayisyen yo, se dirijan Santameriken, Sidameriken yo pou pakèt Guillermo, Maria, Juan Carlos, Gloria, Mendizabal yo ki vle al viv Ozetazini yo. Wi, se tout moun ki te dirije peyi sa yo, se toutmoun k ap dirije jodi a, wi noumenm tou kolèg yo. N a retounen sou ka pa nou an, men kounya a la a, à l’instant même, se avèk prezidan ameriken an n ap pale. Mesye Trump, ou responsab pakèt poupou nou genyen lakay nou yo tou wi. Fè yo pale w de Jefferson, Madison, Monroe, John Quincy Adams, Roosevelt, tonton an: Theodore, neve a tou: Franklin Delano, Wilson, Abraham Lincoln, sa a se bon bagay nèt. Mwen pap di w tout sa yo te fè nou ki mal, yo te fè byen tou. Men yo tann 60 tan pou yo  rekonèt endepandans nou. Avan sa, tout prezidan ameriken sa yo ki te vini tousuit aprè Washington ak Adams, Adams ki te gen kontak avec Toussaint, te mal konprann Ayiti paske nou pa t dakò esklavaj epi nou te ede peyi latino ameriken yo twòp. Efektivman, aprè Dessalines te fè tantativ pou l fè yon sèl Eta sou zile a, Ayiti te ede Dominiken yo chase Espayòl yo sou tè a, plis Miranda ak Bolivar pou Venezyela ak Kolombi, Mina pou Meksik. Menm ant 1821 e 1826, Boyer ede Grèk yo nan batay pou endepandans kont Otoman yo, mwen vle pale de Turk yo. Nan epòk n ap pale a, avan 1810, se Etazini ak noumenm Ayiti sèlman ki te endepandan nan Amerik la. Alòske Ayiti te konnen se solidarite l t ap fè avèk pèp ki bezwen lib yo, sanble Prezidan Monroe limenm te kwè noumenm Ayisyen t ap vale twòp teren, li te kwè nou gen pwojè enperyalis. Rayford Logan, istoryen ameriken ki ekri sou revolisyon Ayiti a kwè Ayiti te gen pwojè enperyalis vre, alòske daprè Leslie Manigat, istoryen ayisyen, se te yon solidarite tri-continentale Ayiti t ap manifeste. Nou ka ajoute 1915-1934. San pasyon, gen kèk domèn Etazini te fè bon aksyon, men pandan 29 an, se li ki te kontwole tout finans peyi dAyiti. Ameriken yo pran rezèv lò nou, y ale avè l. Tout sa yo grav pandan yo segondè tou devan sa ki sakre a : Etazini vin enstale l nan peyi nou an avèk gwo zàm. Prezidan Trump, soufrans patriyòt ayisyen santi nan sitiyasyon li te ye nan tan sa a ni jodi a, ou pap konprann li paske peyi pa w la pap janm nan sitiyasyon pa m nan. Nan sikonstans sa a, gen moun ka pale w de Charlemagne Péralte, yon gran Ayisyen ki mouri anba zam Marines pandan l tap defann entegrite peyi l.

Mesye Trump, malgre trete non-pwoliferasyon nikleè a, malgre chit Inyon Sovyetik la, malgre lEwòp kenbe byen sere avèk Etazini, malgre politik etranjè entèlijan predesesè w Obama, lavi entènasyonal kontinye danjere. George Bush te twonpe l sou pwoblèm Irak la, Al kayida pouri Afganistan sou nou la a, Eta Islamik tankou yon Hydre de Lerne, bèt 9 tèt chak fwa w koupe youn li repouse doub la, Kim Jong Un ap defye lOksidan chak jou avèk zam nikleè l, pandan Iran pa antann kite pwogram nikleè pa l la. LaRisi kenbe nan kò Etazini kinalaganach, Libye demanbre nèt, LaSyrie tankou yon moso chabon kote k pa gen dlo : si w kenbe l san l pa limen l ap sal ou, si w kenbe l pandan l limen, l ap boule w. Sou desizyon ou pran pou mete anbasad Etazini an n Israel nan vil Jerusalem nan, an n kwaze dwèt nou pou mond arab la pa retounen nan sitiyasyon 1967 1973 la. Nan ekonomi an, gen moun ki kwè laChin pran devan Etazini. Epi, nan politik enteryè a, ou vle toutbon kenbe pwomès kanpay ou sou imigrasyon an. Pwoblèm ou chita nan nati pwomès la ak nan stil ou pwopoze solisyon yo. Petèt ou kwè sensèman ou ap fè yon bèl revolisyon, men li parèt ou plis pwovoke moun ke w ta fè aksyon k ap bon pou Etazini e lemond. Menm America first la pa bon non. Etazini depase stad izolasyonis la ni li pa kapab, anfèt li pa gen dwa, mennen politik kapitalis sovaj la. Ou gen nan men w, Prezidan Trump.

Etazini, malgre tout pwoblèm sa yo, se lidè mond lan. Youn nan gwo avantaj lidèchip Etazini an genyen se mozayik la, melting pot la, kominote yo ki toujou kenbe kilti pa yo pandan grenn pa grenn y ap antre nan sosyete a gras a lekòl, inivèsite, travay nan biwo Leta, travay nan gwo konpayi. Kominote yo, se sa ki fè chàm peyi w la, malgre peche orijinèl rasis la, nèg ame –atansyon! Nan lang ayisyen an, nèg vle di moun- kidonk, malgre nèg ame ap touye moun pa dizèn nan legiz, lekòl, sou plas piblik, pi fò moun pito viv Philadelphia tan yo ta vin viv Pòtoprens, Atlanta pito yo ta tounen San Salvadò, Boston tan pou yo ta ale Nairobi. Sa vin fè lè yon moun gen kont avèk Etazini se avèk lemond antye li gen kont. Etazini se vrèman yon peyi ki pou tout moun ki pa pou pèsonn. Tout moun sa yo, ke se Blan cheve siwo, je vèt, nen long, ti bouch fen, gwo zòrèy ; ke se nèg nwa ti zòrèy anraje ; oubyen Chinwa je chire, cheve-siwo-tou-dwat toujou nwa. Pèsonèlman, mwen toujou pran plezi tande fanmi m, zanmi, ayisyen nan aryopò k ap di : « God bless America ».

Moun sa yo se sitwayen ameriken. Ki di stwayen di egalite. Apa wòl prezidan ou ap jwe depi 1 nan, ni sitwayen ameriken gran paran l sòti an n Iran ni sa gran paran sòti an n Egypt egal avè w ke granparan sòti an n Almay. Ou se yon migran tou. Pinga ou wont de sa.

Distenksyon nomad-sedantè a, jodi a, prèske pa kenbe tèlman popilasyon mondyal la mouv anpil. Wi, gen de vrè nomad tankou sila yo jiskaprezan kap viv nan dezè Sahara, Bedwen, Touarèg… Se Tzigàn yo pi fò moun konnen. Anpalan de sa gen kèk nan yo ki an Almay tou wi, yo rele yo Yeniches, genyen nomad an n Nòvèj tou wi: yo rele yo Teters. Si se yo Nòvejyen yo voye pou ou epi g on moman, yo tabli tant yo bò kot Trump Tower a nan Manatann nan oubyen nan zòn Maison Blanche lan nan Washington, sa ou ap di ? Genyen Irish Travellers yo tou Ozetazini.

Fòm modèn deplasman popilasyon yo, anmas de fwa, te toujou gen sa. Gran pèp vwayajè yo, Fenisyen, Katajinwa, Grèk, Viking, 3500 zan avan Jezikri, te deplase anpil. E nan tan Women yo te mèt Ewòp la gen yon fenomèn yo rele an n Istwa les Invasions Barbares, se Wisigòt yo ak Ostwoòt ki te vin viv sou teritwa Ewòp Women yo t ap dirije. Mo barbare la an Laten vle di tou senpleman etranje. Moun sa yo se aryè, aryè, aryè granpapa w, Mesye Trump.

Yè, migran yo te rele Thon, Rosenberg, Steinbek, Mac Carthy, Bush, Hemingway, Soros, Rockfeller, jodi a se Abdoulaye, Elsie, Margarita, Mahmoud, Donald, Donald Guerrier wi, tokay ou, limenm li siyen Guerrier, s on bon jwè foutbòl ayisyen k ap jwe nan Qarabag, jis Azerbaidjan, nou ka ajoute, Yvana Zelnickova, Melania Knauss, jodi a yo plis rele Abdoulaye oubyen Jacques.

Mesye Trump, ou gen yon responsablite mondyal. Lè ou a vle tande USAID, Anbasadè w ou gen isit an n Ayiti, oubyen gwo ONG ameriken yo, y a fè w konprann responsablite Etazini nan mond lan. Se pa joure pou joure nou. Si se pou joure, nou ka di w betiz tou. Genyen nan nou ki fò nan sa. Anplis, menm lè nou te gen yon gwo lame ant 1804 e 1870 nou pa tap ka goumen avèk Etazini. 1915-1934 pwouve sa. Siman se Hamlet, pyès Shakespeare la ou te etidye nan kou literati ou te genyen nan High School. Ou wè Hamlet te gen pou l touye Claudius, tonton l. Men noumenm an n Ayiti se literati pa nou ak pa laFrans lan nou etidye. Sa fè nou sonje Pierre Corneille nan pyès Horace la. Sitiyasyon nou an avèk Etazini, avèk tout kantite pitit nou ki vin Ameriken, nou ka konsidere se menm relasyon ki te genyen ant Wòm avèk Albe. Sa ki fè m anvi di w : « 

Que faisons-nous Monsieur Trump, et quel démon

Vous porte à nous insulter, et provoquer la division ?

Souffrons que la raison éclaire enfin nos âmes

Nous sommes vos voisins, nos filles sont vos femmes,

Et l’hymen nous a joints par tant et tant de nœuds

Qu’il n’est point de nos fils qui ne soient vos neveux…


Si eta peyi dAyiti, Salvador, Afrique deranje w, e sa dwe deranje w, konvoke yon konferans entènasyonal non sou lamizè nan lemond. Prezidan James Monroe te voye apeprè 500 000 ansyen esklav nwa ameriken al fè peyi yo rele Liberia a an 1822-1823. Jodi a, si w vle gen yon ide de responsablite Etazini, voye yon ti lèt ekskiz bay Òganizasyon Inite Afrikèn nan, epi pale avèk Geoge Weah, Prezidan tou nèf Liberia, mande l envite w vizite l, l ap aksepte, sitou l renmen Etazini anpil. Ou a wè responsablite w kòm prezidan pi gwo peyi ki gen sou latè. Lè sa a ou a mete anplas yon lòt « Era of good feelings ». Fwa sa a, se pa voye ou ap voye  Nwa-ameriken al refè Liberia non, ni okenn lòt nouvo peyi. N a wè ansanm kòman nou ka fè lonè lidèchip mondyal la ak lonè gwo istwa Afrik, gwo Istwa Ayiti cheri m nan, gwo istwa pèp Amerik Santral yo, ladan yo Meksik tou.

Nou konnen. Nou gen premye responsablite nan kafou-tenten Franketyèn pale nan Pèlentèt la, men Etazini gen enpe ladann tou. Jouman w lan santi fèy ave, mwen di w sa deja. Dayè, ou pa joure nou paske Ayiti sal; se vre l sal : nou pa wont fè fatra tounen plas piblik nou ; ou pa joure nou paske Ayiti enjis vizavi moun pòv yo : se vre nou pa travay pou pèp, nou travay pou tèt nou ; ou pa joure nou paske Ayiti pa ankouraje fonksyonè ki touche tikal kòb yo : se vre yo merite yon 14 zyèm mwa Leta ta ka jwenn nan pakèt vye sibvansyon l ap bay yo ; ou pa joure nou paske nou sot gaspiye 3 milya dola nan Petrokaribe : se vre nou gaspiye, vòlè, dechèpiye, san pitye pou pèp pòv la ; ou pa joure nou paske gen youn nan lekòl siperyè, ENGA, ki pa travay depi 2 zan, menmjan gen bon lekòl pwofesyonèl ki pa ka travay paske aprenan yo pa gen kòb pou peye 1000 goud pa mwa : se vre nou pa ankadre jenès nou; ni tou ou pa joure nou paske nou pa ankadre gason ak fanm ki gen metye tankou bòs mason, mekanisyen, tayè : se vre nou kite pèpè anvayi nou, sa ki fè teknisyen nou ap manje mizè menmjan ak agrikiltè nou.

Ou joure nou paske nou nwa, paske ou pa pran yon ti tan pou abòde travay entènasyonal ou san prejije.

Bon, detanzantan, mwen fè ti lojik sa a : an n konsidere pandan 25 an k ap vin la a, 2043, Ayiti travay seryezman - pa 2-3 grenn moun non !- tout moun, èske n ap nan nivo Meksik ? Repons la se non. Poutan, Meksik sa a, Mesye Trump manke l dega kont li. Nou gen pou nou fè les 12 travaux d’Hercule pou nou rive nan nivo Meksik jodi a. Pandan tan sa a, si se pa oumenm, yon lòt ap kontinye joure nou, paske nou pap ka tounen Blan.

An konklizyon, fò n ta di santiman pèsonèl yon chèf-deta, ayisyen ou etranje, pa enpòtan pou nou, se responsablite tout lidè nan lemond pou fè lemond pi bèl, pi ekitab, pi pasifik, ki enterese noutout. Ayiti twò piti pou l bay tèt li ènmi ; soyons collaborateurs, c’est nous qui vous convions. Men tou, Mesye Trump, Ayiti twò gran pou l ap okipe vilgarite.

Letènite pa pou vivan: ann travay seryezman.

Patrice Dumont

Senatè Ayiti

31 janvye 2018