Yon Pèp kouray dinamik, men abandone, ak yon Elit ki refize pran reskonsablite li

12 janvye 2012, sa fè 2 lane jou pou jou tè d Ayiti a souke ak anpil fòs. Nou te bliye si lavi a ak peyi a te frajil konsa. Se pa tranbleman tè a ki kreye kriz peyi a ladan an men li mete l toutouni depi lè sa a. Nou salye kouray pèp Ayisyen an, sitou sektè enfòmèl la, ki ak anpil kouraj reprann lavi a epi òganize tèt li jan l kapab nan kondisyon difisil, ak api kèk zanmi ki ba l bourad nan sa.
Nou salye zanmi yo nan kominote entènasyonal la tou, sitou sektè Legliz yo, ki apiye jefò pèp Ayisyen an pou depase move pas sa a, epi pou kontinye viv e òganize l. Nou salye reskonsab diferan relijyon yo nan peyi a ki depi tranbleman tè a ap fè jefò pou youn apresye lòt pi byen.

Men, pèp la santi l abandone. Li santi twòp moun ap fè kapital politik ak ekonomik sou do l.

•             Peyi a dwe rebati nètale, men, chomaj la pa t janm te wo konsa.

•             Tout moun ap pale sou peyizan ak desantralizasyon, men, se nan Pòtoprens pi fò bagay fèt. Moun andeyò toujou andeyò, paske yo pa prezan nan panse moun k ap deside yo, pa gen politik agrikòl.

•             Pèp la anvayi ak òganizasyon ak pwojè, men, san okenn planifikasyon.

Ki kote tout èd yo te pwomèt la ale ? Ki kote y ap egzekite pwojè CIRH yo ? Ki kote diferan plan rekonstriksyon yo ye?

Apre tranbleman tè a, tout moun te swete pou reskonsab yo reveye nan dòmi, pou yo wè mizè moun, pou yo pran rezolisyon, pou yo te òganize premye asistans epi rekonstriksyon an, pou te gen desantralizasyon serye. Nou pa santi gen anpil bagay k ap fèt nan sans sa a.

Men ki sa nou wè :

•             Nou wè yon fo deba sou yon fo refòm Konstitisyon ;

•             Nou te wè eleksyon ak vyolans, kote yo pa t analize vòt pou Prezidans la ak pou Lejislatif la ak menm kritè ;

•             Nou wè maladi kolera parèt, kote pyès moun pa pran reskonsablite pou admèt yon fason piblik ki kote l sòti ;

•             Nou wè Pouvwa Leta yo k ap goumen pou etann enfliyans ak pouvwa yo sou do lòt, olye yo deside anfavè yon pèp ki nan pwoblèm ;

•             Nou wè konfli ant pati politik, epi ant Pouvwa Leta yo (Egzekitif, Lejislatif, Jidisyè) ki pa mennen pyès kote, men ki montre aklè ni Pouvwa Egzekitif, ni Pouvwa Lejislatif, ni Pouvwa Jidisyè pa t janm pran reskonsablite yo : konsa enpinite ak koripsyon kontinye ap layite kò yo sou peyi a.

•             Nou wè kèk ansyen dirijan Leta a tounen epi y ap fè politik anba anba. Eske yo pa te dwe pirifye memwa a, fè laverite sou yon bout listwa san toupizi laverite ki ta dwe fèt, pou n pa blije manje manje bliye ?

•             Nou wè tou jan reskonsab yo konsidere pèp nou an tankou yon pèp timoun, ki pa bezwen enfòmasyon konplè ak kòrèk, ki ede l mache pi devan.  Chak jou y ap vyole Dwa pèp la genyen pou jwenn enfòmasyon.

•             Nou wè plizyè otorite vle regle pwojè yo ak vyolans, ak britalite, oswa ak ti lajan agòch adwat, jan sa fèt nan plizyè kote piblik pou blije moun ale, san yo pa konn ki kote (jan sa te fèt kèk jou pase sou plas Jeremi).

Komisyon Jistis ak Lapè pa janm bouke fè travay obsèvasyon vyolans ak vyolasyon dwa moun, fòmasyon ak akonpayman viktim yo. Se defans diyite moun kòm Pitit Bondye ak tout dwa yo ki bousòl li. Diyite moun genyen fè moun blije pran reskonsablite l epi fè devwa l. Se kalite misyon sa a Legliz la te bay Komisyon an.

Men sa ki dwe fèt prese prese, dapre Komisyon an :

•             Gouvènman an dwe genyen yon sèvis laprès ki bay enfòmasyon konplè epi kòrèk, ki konsidere popilasyon an tankou sitwayen granmoun ki genyen dwa pou jwenn enfòmasyon ki klè, ki kòrèk, ki konplè, san l pa pwopagann politik pou sa.

•             Gouvènman an dwe pibliye yon plan ijans pou soulaje pi gwo soufrans ak mizè popilasyon an. Se pa nan britalize ak bouskile moun l ap reyalize dwa yon popilasyon genyen.

•             Gouvènman an ak Pouvwa Leta yo, pati politik yo, òganizasyon sosyete sivil la dwe antre nan yon pwosesis reyèl pou elabore yon vizyon avni pou peyi sa a, yon vizyon ki depase tan yon Gouvènman ap fè nan pouvwa. Pa dwe genyen mil chwa pou agrikilti nan peyi a, pa dwe gen mil chwa pou fè edikasyon, pa dwe gen mil chwa pou fè yon refòm Lajistis si l bezwen nan sèvis diyite ak dwa moun.

•             Fòs moral yo nan peyi a dwe antre nan yon pwosesis pou rekonsilye nasyon an ak tèt li, epi diferan gwoup enterè yo antre yo, nan laverite. Wi, genyen sa n rele yon enterè nou tout ap pataje depi n sitwayen yon menm peyi. Komisyon Jistis ak Lapè dakò kontribye nan yon jefò konsa.

•             Kòm pèp, lè a rive pou n pran desten n nan men n, pou n sispann ap tann ti kado lòtbò dlo. Nou apiye apèl Achevèk Pòtoprens la fè a nan okazyon dezyèm anivèsè tranbleman tè a.

Nou fè apèl pou tout moun aji ak onètete, patriyotis, ak yon sans reskonsablite ak renmen pou jèn jenerasyon an ak pou tout moun, epi pou n travay pou enpinite ak koripsyon kaba. Peyi a dwe rive elabore yon vizyon ak oryantasyon  ki kab mobilize l, epi ki pèmèt li mache nan yon direksyon ki louvri yon avni diferan ak sa n ap viv jounen jodi a. Se yon egzijans rekonsilyasyon an.

P. Jan Hanssens, Direktè

Jocelyne Colas, Sekretè egzektif

Pou Komite Direktè Komisyon an, 11 janvye 2011

Lavèy dezyèm anivèsè tranbleman tè 12 janvye a

 

 

Infohaiti.net Tous Droits Reservés | cmosaique@aol.com (508) 498-0200 | midy2midy@aol.com (617) 470-1912 | Login

Site conçu et dessiné par : Yves Cajuste (Haitian Media Network)

Bannière de l'ONA